Nouvo Jenerasyon

Bayo All Stars, Michaël Brun

[Verse 1]
Nou bezwen limyè pou n ka wè pi klè
Pou nou ka vanse woy
Nou pa wè limyè
Pou tout sa n fè, yo ka pa ka mache

[Pre-Chorus]
Men fò nou sispann gasipye
Travay pou n avanse
Nou g on peyi pou nou sove
Li lè li tan pou nou leve, leve

[Chorus]
Jenerasyon sa a move
Wi nou move
Ansanm n ap vanse
Anyen pa fè nou pè
Jenerasyon sa a move
Wi nou move
Ansanm n ap vanse
Anyen pa fè nou pè

[Post-Chorus]
Pa panse nou pa konn anyen
Pa di n pa fè anyen
Pito w al chèche konnen
N ap bayo bayo
Pa panse nou pa konn anyen
Pa di n pa fè anyen
Pito w al chèche konnen
N ap bayo bayo

[Verse 2]
Yon mesaj pou jenerasyon sa a
M pot limye pou m fè nou wè
Yon bèl avni ke m vle ofri nou
M ap montre n imaj pou m fè nou kwè
Ou ka pa konnen m, men nou ka sè
Ou ka pèdi fòs, men nou pa fèb
Lè nou met ansanm kisa nou pap fè
Nou s on bèl nasyon
Pouki nou pa fyè?

[Verse 3]
Nou g on pouvwa ke n pa konnen
Nou kite nenpòt moun ap dirije n
Si n fè yon sèl pou n konstwi peyi sa a
Okenn nasyon pap ka divize n
Dèfwa n bliye sa n ye
Nou bliye règ nou, nou bliye sa n vle
Nou bliye istwa, ke n s on pèp ki sakre
Leve tèt nou
Jenerasyon sa a vle

[Chorus]
Jenerasyon sa a move
Wi nou move
Ansanm n ap vanse
Anyen pa fè nou pè
Jenerasyon sa a move
Wi nou move
Ansanm n ap vanse
Anyen pa fè nou pè

[Post-Chorus]
Pa panse nou pa konn anyen
Pa di n pa fè anyen
Pito w al chèche konnen
N ap bayo bayo
Pa panse nou pa konn anyen
Pa di n pa fè anyen
Pito w al chèche konnen

[Verse 4]
Hmm
M pral mete men
Konstwi on lòt demen
Pou sa k ap vini yo
An n fè sa pi byen
Pou sa k kite yo pa gaspiye

[Verse 5]
Nou vag sou leta
Toujou anreta
Pou sa fò n travay sou yo
Pi gran yo fè plas pou yo (Yeah)
Nou vle chante, nou vle chante
Whoa

[Chorus]
Jenerasyon sa a move
Wi nou move
Ansanm n ap vanse
Anyen pa fè nou pè
Jenerasyon sa a move
Wi nou move
Ansanm n ap vanse
Anyen pa fè nou pè

[Post-Chorus]
Pa panse nou pa konn anyen
Pa di n pa fè anyen
Pito w al chèche konnen
N ap bayo bayo
Pa panse nou pa konn anyen
Pa di n pa fè anyen
Pito w al chèche konnen
N ap bayo bayo

Músicas más populares de Michael Brun

Otros artistas de House music