Ate

KANIS

ATÈ
Yeah yeah
Lè Buddha fache kote l chita
Atè
Azò
Hahahaha
Pa vin pale m de nivo gengstè w
Dayè m pa viv nan site w
W ap pale de sa w posede
Wa ta di kòb se li k zonbifye w
Fè kòmsi pye w pa janm atè
Men w bwate lè pikan pike w
Oh se pitit grannèg ki gen kòb
Ki ta mele m ak idantite w
Si se pouvwa kap mennen w ou dead
Elèv ka mennen yon mèt
E w te mèt gen foli frekan
Ret kwè m frekan w pap mennen on mèd
Bitch atè w ye ou sezi
Kanpe devanm la a ou fout lèd
Si yo renmen lè m poz bikini
M pa responsab si devan yo rèd
Shit tout sou blòf, tout sou blòf
Gèlè se sèl mwen menm
Tout tonbe poutan m stil anlè
Gèlè m gen zèl mwen menm
Bandi malfini, n ap mal fini
N ap pran poul sou tout sa map fè
Pa fè m trase w tankou yon vèvè
Fè w disparèt tankou w se vapè

Depi w konnen w soti pou w banm pwoblèm
Atè
Fè fèzè pale m mal m pap pè fout ou
Atè
Si w vin kanpe sou wout mwen m ap lage w
Atè
Mennaj mwen ap fè jalouzi mwen lage l
Atè
Atè wo lage l lage l atè wo
Atè wo lage l lage l atè wo
Atè wo atè wo
Atè wo lage l lage l atè wo

O, ret tann mwen
Gèlè w panse mwen m tap ret tann ou
Gèlè w panse mwen m sanble w fanm ki ta pral ret tann ou kite madanm ou
Atè ou sezi m lage w
Atè konsa mwen jete w
Tout lè w te panse w t anlè, w ap fè djòlè kounye a m antere w
Depi w atè ret kwèm w atè nèt
W anba yon nèg w anbal nèt
Si w ap fè lèd fè lèd fè bèbèl
Sèl kote w ap wè m se sou entènèt
Langyèt lè m rap m santi sa w pran
Lan bif nou pèdi twòp tan
Si w chèf ou pa ranje kò w pèp la pap pè pou fout ou atè

Anh, tout sou blòf, tout sou blòf
Gèlè se sèl mwen menm
Tout tonbe poutan m stil anlè
Gèlè m gen zèl mwen menm
Bandi malfini, n ap mal fini
N ap pran poul sou tout sa map fè
Pa fè m trase w tankou yon vèvè
Fè w disparèt tankou w se vapè

Depi w konnen w soti pou w banm pwoblèm
Atè
Fè fèzè pale m mal m pap pè fout ou
Atè
Si w vin kanpe sou wout mwen m ap lage w
Atè
Mennaj mwen ap fè jalouzi mwen lage l
Atè
Atè wo lage l lage l atè wo
Atè wo lage l lage l atè wo
Atè wo atè wo
Atè wo lage l lage l atè wo

Yeah yeah
M pa jwe lago, m pa nan kache
Yo di yo ta renmen konn kiyès mwen ye
Pa fè m lage w atè
Wo, m lage w atè, m lage w m lage w atè
Wo, m lage w atè, m lage w m lage w atè
Wo, m lage w atè, pa fè m lage w atè
Wo, m lage w atè, m lage w m lage w atè

Mwen menm m pa renmen nèg k ap pase m nan betiz
Si w gon bagay pou di, pale
Ou konnen nou pa gen tan pou n gaspiye
Han, Pipo, Nice Beat, Martians Productions baby
Mande pou mwen non, Niska Garouti baby
Wo, m lage w atè, m lage w m lage w atè
Wo, m lage w atè, m lage w m lage w atè
Wo, m lage w atè, m lage w atè
Wo, m lage w atè, m lage w m lage w atè

Curiosidades sobre la música Ate del KANIS

¿Cuándo fue lanzada la canción “Ate” por KANIS?
La canción Ate fue lanzada en 2017, en el álbum “Enèji”.

Músicas más populares de KANIS

Otros artistas de Contemporary R&B