M Sispann

[Verse 1]
Aprè track ansyen black m panse m m t ap fè gwo hit
M te gentan wè m ap briye m te pè mache nan nwit
Lavi m te senp san m pa rann kont m fè l konplike
Kwè m te pi gran pase sa m pa t konnen timoun fronte
Pouchon te push mwen fè m pase nan kèk medya
Zanmi gentan vle bif mwen mande tonton m Richard
Zoe Nas t ap di m fè atansyon m pa t janm konprann li
Di m se echèk kap vini si reyisit la m pa ka tann li
M te bliye moun mwen ye a m te vle sanble ak lot yo
Mande wout pa vle di pèdi m aprann tande pawòl yo
Kote m prale a p ap fèm moun men kote m soti a
Di Steker m ap toujou bal baz menm aprè 10 videyo

[Refren]
Sispann pou m aprann m vle grandi kounya
Rap mwen gen objektif kounya map rape pou Dounia
Pa konte m pami yo paske m tounen paj sa
Se eksperyans ak zanmitay ki fè m fini avèk sa
Si se pou m pa bay fanatik manti m sispann atis
M ap rakonte n istwa n menm lè konnen nou ka tris
M touye ego m pa gon kenn kote l ap mennenm
E pe enpot jan l ye avan m ale fò m feat ak VDM

[Verse 2]
M aprann ret mwen menm m aprann vide sak sou kèm
500 Goud pa ka chanje vi san vekse Orlmix Radio Eclair
Gen refi k se envitasyon fè l pou kòw respè 47
Rive avan p ap fè sèvi w avan Mande Marina107
M rann kont kote m pa t vle domi la fè nwa bare m
M s on moun mwen fè erè m pran konsyans m asime
M souvan konprann moun menm sak pa janm konprann mw tou
Menas yo pa t di m anyen san rankin pou Bob Cailloux
Sispann pou m aprann m vle grandi kounya
Rap mwen gen objektif kounya map rape pou Dounia
Filip dim rakonte istwa m menn poum dire
Nan Evazyon m pap batay pou premye map travay poum rive 2Senk

[Refren]
Sispann pou m aprann m vle grandi kounya
Rap mwen gen objektif kounya map rape pou Dounia
Pa konte m pami yo paske m tounen paj sa
Se eksperyans ak zanmitay ki fè m fini avèk sa
Si se pou m pa bay fanatik manti m sispann atis
M ap rakonte n istwa n menm lè konnen nou ka tris
M touye ego m pa gon kenn kote l ap mennenm
E pe enpot jan l ye avan m ale fò m feat ak VDM

[Verse 3]
M ap rakonte n istwa m se poun ka rete fèm
Son fason pou m di n mpa atis pou nou pou n ka rete frè m
M touye ego m pa gen okenn kote lap menmen m
Epe enpot jan l ye anvan m ale fò m feat ak VDM
Kwè m t ap pèse paske m aprann pran bagay yo a tan
M aprann vin 2Senk m aprann mennen batay yo m gason
Love t ap distribiye, zanmi k tap repliye
San repròch menm m pa bliye trèt yo manke makiye
Menm lè kèm brize senserite m ,m p ap pèdi sa
Ret reyèl ak tèt mwen fason map viv la m p ap pèdi sa
Sak pa t vle tande w ki vin frè w m panse pa t ap bezwen w
E sèl regrè m genyen lè w te D-fi, Rhod m pa t renmen w

[Refren]
Sispann pou m aprann m vle grandi kounya
Rap mwen gen objektif kounya map rape pou Dounia
Pa konte m pami yo paske m tounen paj sa
Se eksperyans ak zanmitay ki fè m fini avèk sa
Si se pou m pa bay fanatik manti m sispann atis
M ap rakonte n istwa n menm lè konnen nou ka tris
M touye ego m pa gon kenn kote l ap mennenm
E pe enpot jan l ye avan m ale fò m feat ak VDM

Otros artistas de